Le retour volontaire peut vous y emmener.

L'OFII organise et paie votre voyage de retour. Et nous examinons avec vous si nous pouvons vous offrir un soutien supplémentaire.

HT: Lots of questions which we would like to answer for you

PRAN DESIZYON M
OGANIZE DEPA MWEN
TOUNEN NAN PEYI M
  • 1. Kisa ki yon retou volontè ?

    Si m swete rantre nan peyi kote m soti an, OFII (Office Français de l’Immigration et de l’Intégration) dwe òganize retou mwen an (frè vwayaj, èd lajan, apui administratif pou preparasyon vwayaj mwen an). Vwayaj mwen an ap pase menm jan ak yon pasaje òdinè. Otorite peyi kote mwen soti a, yo pa okouran si m’ ap retounen. Si mwen chanje lide, mwen ka retounen sou desizyon mwen nenpòt ki moman avan mwen deplase. 

  • 2. Ki wòl OFII ?

    Pou li ede nan tounen ak re entegrasyon, yon konseye nan OFII ap ede m’ òganize pwojè tounen mwen an pi byen posib. Nan kèk peyi, l’OFII  akonpaye m’ nan pwojè pwofesyonèl mwen pou asire re entegrasyon m’ nan peyi kote m soti an. OFII ap kapab ede m’ tou pou m jwenn yon travay nan peyi mwen. 

  • 3. Eske mwen ka mande yon retou volontè ?

    Pou fè yon demann retou volontè, mwen dwe gen yon sitiyasyon iregilyè nan peyi Lafrans oubyen mwen bouke ak dwa azil lan. Mwen ka tounen nan zòn m chwazi an nan peyi kote m soti an. 

  • 4. Eske mwen ka mande yon èd pou yon re entegrasyon ?

    OFII ap ka pèmèt mwen genyen aksè a lafwa ak èd pou re entegrasyon sosyal,  atravè travay oubyen kreyasyon biznis. Yon Komite Seleksyon nan peyi kote m soti an ap verifye si pwojè m nan ka mache.

    OFII ap pwopoze yon èd pou re entegrasyon nan 29 peyi sa yo : Ameni, Bene, Bikina Faso, Kamewoun, Kongo Brazavil, Kongo RDC, Kotdivwa, Gabon, Gine Konakri, Ayiti, Mali, Maròk, Moris, Senegal, Togo, Tinizi, Kosovo, Afganistan, Bangladèch, End, Irak, Iran, Nijerya, Pakistan, Larisi, Soudan, Sri Lanka. Montan pou èd pou re entegrasyon an ka varye anfonksyon peyi kote m soti an ak pwojè m lan. Konseye m lan ap ka enfòme m sou èd mwen ka benefisye yo.

    Si m se yon etidyan, yon jenn pwofesyonèl oswa yon volontè sèvis sivik lan e papye m espire depi yon delè maksimòm 3 mwa, mwen ka mande yon èd pou re entegrasyon pou kont mwen. Mwen verifye la (lyen ki voye sou depliyan etidyan an) pou m konen si yo pwopoze èd pou re entegrasyon pou jenn etidyan ak pwofesyonèl peyi m yo

  • 5. Ki kote m ka jwenn enfòmasyon ?

    Mwen ka ale nan biwo OFII an ki pi pre an (Lyen ki al sou paj “kote ou ka jwenn nou”). Yon konseye  retou/re entegrasyon ap pran demann mwen anchaj. Pou fasilite dyalòg lan, OFII ap kontakte yon entèprèt nan lang mwen.

  • 6. Kòman vwayaj mwen an òganize?

    Vwayaj tounen mwen an òganize ak yon konseye OFII. Mwen dwe montre li paspò mwen. Si mwen pa genyen, li ka ede m jwenn yon dokiman vwayaj. OFII  pwopoze pou li responsab achte tikè mwen ansanm ak transpò m pou ayewopò kote m ap pran vòl lan si m bezwen sa a. 

  • 7. Konbyen malèt m ka pote ?

    Kantite ak pwa malèt ki otorize yo ekri sou konvokasyon OFII ap remèt mwen anvan m deplase an. Li depann kote m prale an ak konpayi avyon a. Fòk m verifye malèt mwen yo pa depase limit sa a ! 

  • 8. Kòman ale m lan ap fèt ?

    Nan moman ale mwen an; yon konseye retou/re entegrasyon ap akeyi m nan ayewopò an epi akonpaye m al pran avyon an. Li bann yon èd ki pemet  tounen, e li bay li yon sèl kou. Montan sa a varye anfonksyon peyi m’ap tounen an. 

  • 9. Kòman m’ap rive ?

    Pou pwojè re entegrasyon mwen an, lè mwen rive nan peyi m, mwen dwe kontakte OFII dirèkteman oswa operatè lokal li an.

  • 10. Kòman yo met pwojè re entegrasyon an sou pye?

    Randevou endividyèl yon konseye OFII  òganize pèmèt mwen defini bezwen m epi oryante m nan nivo re entegrasyon ki koresponn mwen an. OFII pwopoze 3 nivo èd ki diferan. 

    Nivo 1 : Re entegrasyon sosyal
    Nivo 1 an konsène re entegrasyon sosyal pou enstalasyon m ak fanmi m. Li gen ladan l peman lwaye m, acha mèb ak aparèy pou kay, responsablite frè lopital mwen yo oswa depans lekòl pitit mwen yo. Si m sot nan youn nan peyi sa yo (Afganistan, Bangladèch, End, Irak, Kosovo, Nepal, Nijerya, Pakistan, Larisi, Sri Lanka) yo ka ede m ak ayewopò an, pou m chache manm fanmi m, yon soutyen lajistis oswa yon suivi sikolojik. 

    Nivo 2 : Travay ak Fòmasyon Pwofesyonèl
    Nan nivo 2 an, OFII ka ede m chache travay, ekri yon CV epi finanse yon pati nan fòmasyon m oswa salè m pandan yon lane. 

    Nivo 3 : Kreyasyon Biznis
    Pou nou fini  nivo 3 pèmèt mwen kreye yon biznis. Si yo chwazi pwojè m lan, mwen ka kòmanse yon fòmasyon ki anrapò ak nouvo aktivite mwen an epi benefisye yon soutyen finansye nan kòmansman biznis mwen an. 

  • 11. Kilè m ka kòmanse pwojè m lan ?

    Yon fwa OFII an valide pwojè m lan, mwen jwenn akonpayman nan montaj, reyalizasyon ak suivi an. OFII an suiv mwen pandan 6 mwa depi se konsènan  èd pou re entegrasyon sosyal, e pandan yon lane pou èd nan kesyon jwenn travay oswa kreyasyon biznis (apre validasyon nan komite seleksyon).

  • 12. Kòman yo bay èd pou re entegrasyon ?

    Ed pou re entegrasyon an pa bay  lajan kash. OFII an oswa operatè lokal li an pran responsablite pou achte nan men founisè yo byen ki nesesè pou pwojè mwen an. Kapab se medikaman, fòmasyon oswa byen materyèl pou kòmanse ak nouvo biznis mwen an. 